AVIS OFISYÈL!!!


Chè Kliyan VIV Assurance yo,


Nou espere ou menm ak fanmi w ap kenbe fò nan moman difisil sa yo.

Nou swete enfòme w ke, akòz sitiyasyon jeneral k ap travèse peyi a, VIV Assurance oblije kanpe sèvis li yo apati 30 jen 2025. 

Se pat yon desizyon fasil men nou angaje nou pou pwosesis saa fèt nan respè ak transparans pou tout kliyan VIV Assurance yo.

Nan lide poun remesyew pou tout lane BIMA ap enfomew ou pral resevwa yon plan GRATIS 30Jou pouw fe apel ak itilize entenet ILIMITE pandan 2 mwa.

Se gras ak ou nou te ka sèvi kominote a ak pasyon.

Si ou ta bezwen asistans sou zafè dosye reklamasyon, tanpri kontakte nou nan nimewo sa yo :  📞 +509.3610.0000 oswa 610


Mèsi dèske ou te fè pati fanmi VIV Assurance.
Nou swete lapè ak sekirite pou ou ak tout peyi nou an.

Tout Ekip VIV Assurance