Se pat yon desizyon fasil, men sitiasyon peyi a mete konpayi an nan obligasyon pou li kanpe operasyon li yo. Nap angaje nou pou pwosesis saa fèt nan respè ak transparans pou tout kliyan VIV Assurance yo.
Kèk dat pou konnen :
(1) 30 Jen : denye jou dediksyon sou konttout klyan VIV Assurans yo.
(2) soti 1er Jen rive 31 Jiyè : tout plan ki peye nan mwa Jen ak gen kouvèti asirans yo aktif .
(3) 31 Jiyè : dènye jou kouvèti asirans la.
(4) Soti 1er Dawout rive 31 Janvye 2026 Klyan ki peye mwa Jen 2025 ap kapab voye dosye reklamasyon nan VIV Assurance pou yo trete yo nan menm tèm ak kondisyon asirans la te konn trete yo.
3- Èske m ka fèmen kontra mwen avan 30 jen?
Wi. Ou ka fèmen kontra w nenpòt kilè anvan 30 jen. Ou pap gen okenn penalite pou sa. Valè benefis ou ap egal ak valè dediksyon yo pran soukont ou.
4- Eske mwen kapab fè reklamasyon apre 30 jen?
Pou tout klyan ki te peye mwa Jen 2025 pou kouvèti mwa Jiyè a, yap gen 6 mwa pou yo depoze dosye reklamasyon yo nan menm tèm ak kondisyon yo.
5- Èske kontra mwen ap transfere bay yon lòt asirans?
Non. Pa genyen transfè otomatik ki pral fèt. Tout Klyan yo lib pou yo chwazi nenpòt lòt konpayi asirans ki pi bon pou yo aprè 30 jen 2025.
6- Kijan pou m kontakte nou?
Ekip sèvis kliyan nou an disponib pou ede w jiska dènye jou a. Rele nou GRATIS nan 610 oswa fè 3610-0000 nan lè sèvis kliyan : Soti Lendi rive Vandredi 9 :00am pou 4 :00pm.
7- Eske map jwenn ristoun?
Non, sèvis asirans pa mache konsa. Lè ou pranyon asirans, se yon garanti ranbouseman suo tèm ak kondisyon sèvis la ke ou genyen, nan ka yon ospitalizasyon oswa yon benefisyè asirans vi, si reklamasyon an korèk, komplè.
8- Si mwen genyen dosye reklamasyon ki depoze deja, kilè map jwenn repons pou li?
Nap pwofite diw mèsi pou konfiyans ou ak fidelite w! Nap fè tout sa ki posib pou nou trete prese prese tout dosye reklamasyon ke nou deja resevwa. Depi dosye ou ta finn trete, yon Ajan ap kontakte ou pou fè swivi avèk ou.
9- Mwen te anrejistre men mwen poko konfime plan mwen? Kisa mwen ka fè?
Si ou ta vle konfime nan mwa Jen 2025, kouvèti ou ap efektif pou mwa Jiyè 2025 la. Aprè sa, asirans la pap renouvle sèvis li yo .